LA PLUME DU PAYSAN GONAVIEN

LA PLUME DU PAYSAN GONAVIEN

La Gonave nan eleksyon anvan lè...

Konpatriyot mwen yo,

Mwen retire chapo pay mwen nan tèt mwen e m bese byen ba pou m salye nou tout alawonnbadè!

Depi kèk tan m ap swiv fristrasyon ak kolè nou sou zafè politik ki konsènen zile a e, sa ta montre ak klè, nou gen pwoblèm e nou pa ka sipote politik degrenngoch ki pa gen ni devan ni dèyè politisyen yo ap fè pou antere zile anba dlo pi fon pase bato fyète gonavyèn.
Depi La Gonave te yon katye anba lod potoprens sou gouvènman Salomon, pou vinn anba lod Akayè e rive jounen jodia, nou konstate anyen pa janm chanje malgre chak 4 ane oubyen 5 ane ou al tranpe dwèt nou pou n voye nèg al fè lajan, chache viza epi bay moun sirèn.
Lè m gade, kantite sitwayen ki gen tan deklare tèt yo kandida pou depite e sa ki poko deklare yo, sa pouse m mande tèt mwen, kisa yo fè deja pou popilasyon an? E pou kisa yo tout vle depite? Kisa ki genyen dèyè foli politik sa? Pandansetan, tout moun bliye sa ki pi enpotan nan leta a, ki se baz la: Kolektivite tèritoryal yo.
Lè n konnen yon kay ki bati kote baz la pa solid, nenpot ti van ka kraze l, pou kisa pil nèg konesans sa yo, pa chita pou yo di: n ap konstwi pito baz politik la Gonave la; konsa, tap gen moun ki gen bon jan konesans nan zafè politik ak devlopman.

Lè m gade lis kandida sa, mwen kwè tout nèg yo ka reprezante epi pran lapawol menm lè kanpe pran pawol nan zafè politik se pa fasil sitou lè w gen opozisyon k ap tande w epi analize sa w ap di. Fok mwen di n tou, depi lontan tout moun nou toujou chwazi depite lagonave yo, yo toujou ka pale epi fè pati yon komisyon nan palman an. Men, fok nou pa bliye tou, Depite lagonave yo toujou konfwonte yon pwoblèm ki makonnen ak kote yo soti, epi ki manke kapasite politik tou.
Lè n konsidere Lagonave pa gen yon pati politik ni yon oganizasyon lokal k ap voye moun nan eleksyon, li fè lèd, lè yon depite Lagonave ap fè tèt rèd pou l fè konpwomi politik ak pouvwa anplas la. Tout pil pati politik sa yo ki nan peyi dayiti pap regle anyen pou Lagonave e depite a dwe konnen se pèp lagonave li reprezante lè l ap fè lwa pou nasyon an.
Lot pwoblèm yo konfwonte, nan komisyon li ye a, lwa sa yo k ap analize, diskite yo, eske Lagonave ap benefisye yon bagay ladan yo? Depite a, lè li pran lapawol nan lè y ap poze gouvènman kesyon, eske l sonje gen anpil moun leta nonmen pou lagonave k ap touche lajan men ki poko janm konn lagonave?
Pi gwo pwoblèm yon depite lagonave se lè li plase tèt li tankou ajan devlopman an, lè sa a, li pran plas ni majistra ni kazek ni vis-delege. Yon depite lagonave ta dwe panse ke kote lagonave sitiye a, gouvènman pa gen tèlman pwoblèm si moun lagonave ta vle koupe tèt youn lot nan fè manifestasyon kont pouvwa a. Poutèt sa a, li ta dwe fè bon jan konpwomi ak gouvènman sou batay politik l ap mennen an, pou l te ka pa nan opozisyon ak ni vis-delege a ni majistra. Konsa, nou t ap gen yon ekip byen fèt k ap travay pou enterè lagonave. E toutan sa pa fèt, mwen sèmante 7 fwa 77 fwa 7 fwa, lagonave ap toujou nan tenten, n ap toujou pale vye koze tèt pa dwèt sou facebook, e ap toujou gen hing hang nan mitan nou.
Sa pa fè lontan, nou sot chwazi yon depite, menm lè memwa nou ta kout, nou pap bliye tout hing hang kite genyen nan mitan popilasyon an. Jodi a, mwen pran otorite pou m kritike Depute Beguens, pou kreten li fè nan politik li ap fè tankou yon palmantè ki gen yon pakèt pwomès politik li te fè, san l pat konnen way politik la yo. M ap kritike l tou, paske li pa gen konseye politik epi, aksyon l poze nan vann liv. M pa di l pa gen dwa non paske si l ekri liv li, li dwe mete l sou mache a men, lè depite Beguens, tonbe nan vann liv anvan yon lane nan palman an, sa ta vle di, li fè politik chèz vid pou l ekri liv yo, epi pase anba nan palman rekipere chèk li oubyen, li t ap tann kob depite a pou l te ka fè komès liv li yo. Pou sa, m pap padonnen l. M ap kritike l tou, paske l pa konprann mizè pèp anba lagonave ki ap mouri swaf dlo. Lè m di sa m konn sa m di a. Depite se pa al bay moun timamit diri pou fè wè ou nan timanman cheri bo kote pa w, men se moutre ou ka fè konpwomi ak gouvènman an pou w sove lagonave.
M panse, m pa deranje ni depite a ni patizan l yo nan sa m di a. Paske m te ka di l pou nenpot moun menm lè yo ta touye m. Jounen jodia, Lagonave nan opozisyon ak tèt li e l ap soufri pou kont li, talè depite a pral viv nan peyi etranje ak fanmi l menm jan anpil ansyen yo fè l. Sa vinn mete moun lagonave nan tisoulye yo, pou yo chwazi yon moun. kom moun lagonave renmen tande moun k ap pale fransè menm lè yo pa ta finn konprann tèm politisyen yo chwazi yo, yo pral oblije sanksyone depite Beguens, sèl si depite ta vinn pran yon lot direksyon anvan ane sa ta fini. Li gen chans anko pou l repare l, si l vle pran konsèy nan moun ki pwofesyonèl nan politik. M ta swete patizan l yo ki li deklarasyon sa a, ap di msye pou l al fè yon gade. M konnen depite a fè kèk tijès ak moun lagonave se ak fon pa li men sa pa konte anpil nan fè politik. M ta mande depite a pran men l epi antann li ak vis-delege ak majistra yo, pou montre ak klè moun lagonave yo vle fè yon bagay pou zile.
Kanta pou eleksyon k ap vini yo, bagay la ap gwo ponyèt, men m ap mande moun zile a kalme yo.Moun yo di k ap kandida yo epi sa ki poko deklare yo, bagay la ap mabyal. M ta renmen kandida sa yo ta prezante yo tankou sitwayen onèt ki mete yo la pou sèvi popilasyon an tankou travayè sosyal. Konsa, konsyans ak konviksyon politik yo ap makonnen ak lonbrik popilasyon an, pou bon jan devlopman ka rive fèt nan zile a.

Map retounen anko, pou m vinn fè tikoze ak nou sou eleksyon kolektivite yo ki gen anpil valè pou devlopman zile a.

M di nou tout pase yon bon dimanch anba pouvwa gran Achitèk la.

Marquis Saint-Val
Depi Paris


02/06/2013
0 Poster un commentaire

A découvrir aussi


Inscrivez-vous au blog

Soyez prévenu par email des prochaines mises à jour

Rejoignez les 3 autres membres